
NANA - Amapiano Kreyòl by DL


NANA - Amapiano Kreyòl
Amapiano
DL
Dec 31, 2025
NANA - Amapiano Kreyòl
Amapiano
*🎵 Tit: NANA* *Style: Amapiano | Atis: Pipojay Black* *Lang: Kreyòl ayisyen ak fraz franse | Mizik ak solo piano + coral nan refren* --- *[Intro – Vib Amapiano dous ak solo piano]* "Ohhh Nana" "O Nana" "ohh Nana" "o Nana" *[Vès 1 – Storytelling sou ritm dous Amapiano]* Nana te yon ti fi ki te bèl, ki te klere Tout zòn lan te konn rele l “princess lakay” Men li te fasil pou l tande move konsèy. Li te vle rive vit, li pa t vle tande konsèy fanmi'l Li pa t gen pasyans, li t ap kouri dèyè lajan Tout sa ki klere, se sa ki te bèl pou li Li chanje zanmi, Li chanje stil, Kounya chak plezi se yon pri li bay kò li… --- *[Refrain – Coral + solo piano + groove Amapiano]* *Nana... ou pèdi chimen w "oh Nana na" *Tout moun te renmen w, men kounya se kri w n ap tande* "oh. Nana na " *Nana... foto w sou tout rezo * *Wout ou chwazi a tounen pèlen pou ou* "Oh Nana na" *Ou t ap chèche lajwa, men ou jwenn lapenn* "oh Nana na" --- *[Vès 2 – Beat ap monte dousman]* Li t ap viv lavi'l, tankou actrice nan sinema Tout nèg ki gen flach, se li ki t ap chita sou li Li te panse se sa ki lanmou, se sa ki valè Men li pa t konprann tout bagay gen konsekans Yon jou li leve, foto li sou tout Facebook ak télégramme. vye Pawòl ap sikile, tout fanmi li gen tèt bese Li gade tèt li nan miwa, li pa menm rekonèt li Li mande: “Kisa m fè tèt mwen konsa?” --- *[Refrain – Coral + solo piano + groove Amapiano]* *Nana... ou pèdi chimen w "oh Nana na" *Tout moun te renmen w, men kounya se kri w n ap tande* "oh. Nana na " *Nana... foto w sou tout rezo * *Wout ou chwazi a tounen pèlen pou ou* "Oh Nana na" *Ou t ap chèche lajwa, men ou jwenn lapenn* "oh Nana na" --- --- *[Vès 3 – Pi emosyonèl, ti solo piano + ti background vokal]* Kounya Nana chita pou kont li, li sonje tout tan li gaspiye Li tande ti vwa manman l ki te di: “Pitit mwen pa vann valè w pou richès” Li leve je l nan syèl, li kriye: “Bondye, padone m tanpri!” Paske kè li fatige, li vle rekòmanse Li vire do bay lari, li mete tèt li sou bon wout Li aprann ke pi bèl lanmou se sa ki soti nan kè Nana pa pèdi, li pran leson nan lavi. Se pa twò ta pou'w chanje chemen… --- *[Dènye Refrain – Coral ak lespwa]* *Nana... ou te pèdi, yo jwenn ou (yo jwenn ou)* *Bondye pa janm bliye mount ki konsyan de eta yo* *Nana... kounya lavi ou Chanje *Ou kite fènwa pou limyè ki klere* *Nana... ou merite yon nouvo depart* --- *[Outro – Solo piano ak vokal dous fade-out]* Nana... Se pa jan w kòmanse, men se jan w fini… Tout fanm gen valè, se pa kòw ki fè w briye Sonje sa...
NANA
Genre
Amapiano with Haitian Creole and French lyrics, featuring solo piano and choral elements
Gist
"NANA" tells the poignant story of a young woman who, chasing quick success and superficial pleasures, loses her way but ultimately finds redemption by embracing self-worth and love from the heart.
Themes
- The perils of impatience and chasing fleeting pleasures
- Social judgment and the consequences of choices
- Reflection, forgiveness, and personal transformation
- The enduring value of inner beauty and self-respect
- Hope and the possibility of a new beginning
Inspiration
Inspired by the original prompt to blend Amapiano’s smooth rhythmic vibes with Haitian Creole storytelling and French phrases, this song captures a culturally rich narrative of a woman’s journey through hardship toward self-discovery. The use of solo piano and choir heightens the emotional depth, emphasizing Nana’s internal struggle and eventual awakening.
Emotional Impact
Listeners are drawn into a heartfelt tale that evokes empathy, sorrow, and ultimately hope. The soothing yet groovy Amapiano backdrop combined with reflective piano and uplifting choral refrains invites both introspection and encouragement, resonating deeply with anyone who has faced personal trials and sought renewal.